Posted On: August 30th 2023, 10:30 pm
Nou chak nan yon konba, nou chak chak nan yon sitiyasyon ki ka mande pou nou fè pwofil ba oswa mete an sispan kèk aktivite oswa rèv. Nou an mòd "koule jiskaske vag lan pase".
Men, kesyon pa m pou ou se eskew ap pare pou montre mond lan, kominote w, fanmi w, zanmi w, montre yo sa w vo tout bon ?
Pou montre yo ke menm si nan peryòd la, ou te koule jiskaske vag lan pase, ou te oblije pasyan malgre tout bagay. Ke pasyans sa pat pasif, men te yon pasyans aktif.
Kote tout lè w tap ranmase kou yo, se pwochen kontatak la w tap prepare, tout lè yo tap mal mennen w yo, se pwochen kou w lan, sak fatal lan w tap veye.
Menm si jodya ou paka fè 5 (dizay, repetisyon, paragraf, sketch, etc...) w yo. Fè 2, fè 3... Vrè konsistans lan se nan pa bay vag!
• Abonne pou w rejwenn kominote valè a
• Pataje l ak yon 2 moun ki swaf valè
• Anrejistre l pou pa pèdi valè sa
#ozeaji #kreyatèayisyen #kreyatè #motivasyon