Posted On: September 1st 2023, 11:30 pm
👇🏽imajine yon moun kap ezite envesti tan ak resous pou devlope konpetans, pouswiv objektif anbisye oswa antreprann yon kèlkonk pwojè siyifikatif sou pretèks ke sa ap koute l twòp efò, twòp sakrifis.
Siksè ak reyisit pa souvan rezilta imedya. Sa ki fè yo egzije yon detèminasyon san fay, yon pèseverans fas defi ak yon envestisman ki soutni.
Moun sa kapab oumenm kap li oswa yon moun ou konnen. Nan tou de ka yo...
Men kèk astis pou w simonte dilèm sila a (Dènye a pi enteresan) :
1. Fikse tèt ou objektif ki klè🎯 : detèmine sa w vle akonpli sou yon long peryòd oswa yon peryòd ki pi kout. Sa ap baw motivasyon w bezwen an pou simonte obstak.
2. Divize yo an etap🗂️ : Demonte objektif yo an etap ki pi piti, pi reyalizab. Sa ap rann pakou a mwens entimidan pi jerab.
3. Planifikasyon entèlijan 🪜: elabore yon plan solid pou w atenn objektif. Sa ap edew minimize risk yo ak maksimize efò w yo.
4. Soti nan zòn konfò w 🛏️ : Pa pè eksplore nouvo konpetans ak leve defi. Siksè a souvan twouve l deyò zòn konfò a.
5. Jere tan w ⏳ : aprann jere tan w yon fason ki pwodiktif. Epi evite pwokrastine.
6. Kontinye aprann 🧠: Envesti nan devlopman pèsonèl ou pandan wap kontinye aprann. Sa ap ranfòse konfyans ou ak konpetans ou sou yon preyòd.
7. Rezo soutyen/ Antouraj 👥: Antoure w de moun ki pataje menm objektif avew . Soutyen ak konsèy yo kapab san pri pou kenbe w disipline.
8. Aprann jere echèk❗❌❗ : Revè yo fè pati pwosesis lan. Aprann de erè w olye ou konsidere yo tankou rezon pou abandone.
9. Selebre ti viktwa yo🍾 : Rekonèt ak selebre pwogrè ou reyalize nan wout yo kapab kenbew motive epi pozitif.
10. Abone, pataje epi anrejistre pou plis valè ✨: Sa ka ensite m pataje plis ak nou😉.
Fè chwa pa sezi opòtinite sou kwasans pèsonèl oswa pwofesyonèl ou kapab fatal pou avni w.💢
🌟 Ou pare pou envesti nan siksè w san laperèz pou regrè ? Fè m konnen nan kòmantè yo 🔥🚀