Posted On: July 29th 2026, 02:11 pm
Fè tout sa w kapab pou w antoure w ak moun ki gen rèv ki pi gran pasew. Non sèlman li pral rann li pi fasil pouw atenn objektif paw yo, li pral fèw mande tèt ou eske rèv ou yo te gran ase. Pa bliye moun sa yo gen yon sèvo menm jan avèw. Pa gen yon rezon valab pou w pa ka akonpli menm sa yo akonpli a. Lap jis mande pasyans ak konsistans. Depiw pa pè redi, ou pa ka pèdi. Eskpozew ak saw vle a jiskaske li tounen reyalitew.
Yon bagay mwen obsève nan moun ki fè siksè se Pèseverans. Yo gen kapasite pou yo sipote soufrans lan, pandan rèv la poko ka tounen yon reyalite. Menm si gen moun kap trip sou yo, menm si gen moun kap di yo bay vag, e menm si pafwa yo santi yap dekouraje. Yo pa bay vag. Paske yo konnen chak bagay gen yon pri. E pri siksè a, se
kapasite w pou w pèsevere, Ou pa ka pèdi si w pa pè redi.
Ou pa ka pèdi si w pa pè pèsevere.
#motivation #consistency #success #mindset #dream