Instagram story viewer> @_brize_98__> Posts
2K
followers
1246
following
Brize 98 | Poet & Writer
  My pen writes for existence
  Each poem is a quest—a pathway
  To uncover your inner truth
  Follow my poetic journey 🌎✒️💭
POSTS STORIES REELS TAGGED
Download All
 by @_brize_98__
0
8 months ago
Download
M pa prese fleri anvan sezon mwen.
Chak reta pote leson li nan venn mwen.
Pasyans se pa feblès, se disiplin nanm nan.
Respè peryòd yo se sèl fason pou fòs pa tounen fyète vid.
Rezilyans se yon kle, men li mande sajès pou l louvri pòt ki fèt pou ou sèlman. #brize98 taken in Poésie by @_brize_98__
0
8 months ago
Download
 by @_brize_98__
0
10 months ago
Download
Gen lonbray ki pa t fèt pou pè ou, men pou fè w sonje limyè a gen limit tou.
Nan chimen enteryè a, pè a vin tounen glas kote konsyans ap gade tèt li.
“M pat konn lè m te pè lonbray mwen an” se plis pase yon fraz — se moman kote ou rankontre pwòp ou nan mitan bri ak silans.
Lè limyè vin fatige, se lonbray ki pran swen kè a. taken in Poésie by @_brize_98__
0
a year ago
Download
E si demen te dènye jou a ?
Sonje sa.
Sonje ke tè a pa gen ase espas pou tout rèv nou.
Emosyon n yo ka pran lòt fòm,
rèv nou yo ka vin etènèl kounya.

Syèl nou pap gen nyaj ankò,
kaye n ap chire, li pap gen maj ankò.
Pa panse a kote n prale,
men panse ak sa n ap kite.

Eritaj yo pap toujou byen,
men souvni yo ap rete vivan.
Pa bliye, w ap kite dèyè san dout
yon moun lib —
paske se sa li t ap vle.

Si demen ta dènye jou a,
pa bliye lanmou pou ou pap rete;
y ap bliye w tankou ekri sou sab bò lanmè.

Men kwè m,
si demen ta dènye jou a,
l ap dènye soupi pa w,
men kòmansman sousi lòt.
Y ap gen pwoblèm yo toujou,
men pa ou ankò.

Brize 98 taken in Times Square, New York City by @_brize_98__
11
a year ago
Download
Souf ki Pa Sispann
(pa Brize 98 — Rekèy 432Hz)

Entwodiksyon:
Nan chak espas kote travay ap fèt, gen yon vibrasyon k ap pale dousman. Se pa bri machin yo, ni klòch tanp travay la — men souf moun yo, ki kontinye kwè nan sans egzistans yo. Tèks sa a se yon rapèl pou kè ki fatige, pou nanm ki toujou kenbe flanm lan, menm anba presyon.

Gen jou m leve san bri,

men mwen santi lavi ap respire nan pami chay mwen pote.

Travay la, se pa sèlman sou sa men m fè,

men sou prezans mwen mete nan mouvman yo.

 

Mwen pa kouri dèyè tan ankò,

m kite li mache bò kote m tankou yon zanmi ki gen memwa.

Chak rèl andedan m, chak fatig,

se yon batman kè k ap ekri listwa m nan silans.

 

Gen moun k ap pase,

yo pa wè limyè ki nan je m,

men mwen konnen li la,

kache nan konfyans ke tout bagay gen sans, menm lè m pa konprann yo.

 

Mwen se van ki pote mesaj,

mwen se dlo ki pran fòm resipyan li,

mwen se limyè ki ret vivan menm anba plafon travay sa a.

 

Paske chak souf, chak goute swe,

se yon prèv ke mwen egziste pou yon rezon.

E pandan m travay, m ap sonje:

m pa t vin sou latè pou pèdi tèt mwen nan règ yo,

m vin la pou sonje kiyès mwen ye —

yon flanm ki pa sispann klere, menm lè pa gen limyè.  #brize98 #poetry #poésie by @_brize_98__
1
a year ago
Download
 by @_brize_98__
1
a year ago
Download
M anvi vivan,
men pa vivan tankou batman kè,
vivan tankou pawòl ki depase lespri,
vivan tankou vibrasyon ki pale ak silans.

Se pa yon swè —
se on letènite an vè.  @_brize_98__ by @_brize_98__
0
a year ago
Download
 by @_brize_98__
0
a year ago
Download
… by @_brize_98__
0
a year ago
Download
“Plim nan pa ekri pou klere
Li trase sou silans
Yon limyè ki louvri
Men ki pa chèche gide“
 Fèmen nan ouvèti. Son nan silans. Ou nan mwen.  Brize 98 taken in Poésie by @_brize_98__
0
a year ago
Download
J’ai perdu ma plume
Dans des nuits à poil,
Dans les rues de brume,
Je m’oubliais sur des murs en toile.

Le passé soufflait ses traces,
Dans l’ombre tiède du présent.
Chaque instant feignait l’étreinte,
Et l’absence devenait caresse de vent.

Mes pas s’égaraient sur ses cuisses,
Où l’oubli suçait mes promesses.
Chaque soupir brisait mes esquisses,
Sur ses hanches, j’égarais mes faiblesses.

Le temps me lèche les côtes,
Chaque souffle, un pas dans l’oubli.
Le désir peint ses fautes,
Sur le drap vide de nos nuits.
 — Brize 98 taken in Poésie by @_brize_98__
0
a year ago
Download
×

Download all media on this page

Photos Videos
back to up